Kisa Pwogram Amelyorasyon Transpò a ye?
Pwogram Amelyorasyon Transpò a (Transportation Improvement Program, TIP) katografye senk ane finansman pou pwojè konstriksyon nan rejyon Boston nan. Chak ane, Òganizasyon Planifikasyon Metwopolitèn (Metropolitan Planning Organization, MPO) Rejyon Boston nan deside kijan pou depanse apeprè 110 milyon dola nan finansman federal (ki rele finansman Sib Federal) pou konplete envestisman nan enfrastrikti transpò lokal yo..
Finansman Pwojè Finansman - TIP
TIP MPO Rejyon Boston nan genyen ladan l:
- Pwojè MPO a priyorize ki baze sou pwogram objektif ak envestisman MPO yo
- Depatman Transpò Massachussetts (Massachusetts Department of Transportation, MassDOT)- te priyorize pwojè ki finanse nan nivo federal
- Pwojè transpò piblik pou Otorite Transpò Massachusetts Bay (Massachusetts Bay Transportation Authority, MBTA), Otorite Rejyonal pou Transpò an Komen Metwo Lwès (Massachusetts Bay Transportation Authority, MWRTA), ak Otorite Transpò Cape Ann (Cape Ann Transportation Authority, CATA)
MPO a deside ki pwojè pou finanse lè li itillize divès kritè kantitatif ak kalitatif ki baze sou sis rejyoon objektif MPO yo. Kritè sa yo evalye kijan pwojè yo sipòte fon an, amelyore kalite ak lè ak anviwònman an, ogmante sekirite pou diferan modalite yo, fè pwomosyon devlopman ekonomik, amelyore mobilite, epi prezève ak modènize enfrastrikti ki egziste yo. Nòt ki baze sou kritè sa yo ekilibre ak konsiderasyon ki lye ak kategori envestisman nan pwojè a, preparasyon pou konstriksyon, ak depans, ak disponiblite finansman an. MPO a te mete ajou kritè li itilize pou evalye pwojè yo resaman. Pou aprann plis sou chanjman sa yo, vizite sitwèb Kritè Devlopman TIP a (TIP Criteria Development).
Ki kalite pwojè MPO a finanse?
MPO a priyorize envestisman ki konsantre sou
- konsèvasyon, mentyen ak modènizasyon sistèm transpò a;
- Bay transpò ki sekirize pou tout mwayen yo;
- Amelyore vivabilite, vitalite ekonomik, ak ekite; epi
- Amelyore mobilite nan tout rejyon an.
Pwojè fon envestisman sa yo tankou konstriksyon ri konplè, amelyorasyon entèseksyon, ekspansyon chemen itilizasyon pataje, amelyorasyon transpò an komen, ak amelyorasyon enfrastrikti pyete ki aliyen ak vizyon, bi, ak objektif MPO te etabli nan Plan Transpò Alontèm (Long-Range Transportation Plan, LRTP), Destinasyon 2040 lan.
Kisa MPO a ye?
MPO yo, oswa òganizasyon planifikasyon metopolitèn, se antite planifikasyon rejyonal ki nesesè sou plan federal ki angaje reprezantan gouvènman, ofisyèl eli yo, ajans transpò, rezidan ak lòt pati ki konsène yo nan yon pwosesis piblik kolaboratif epi transparan pou
- [CREATE FRAMEWORK ICON] Devlope yon vizyon nan Plan Transpò Alontèm nan pou transpò milti modal nan rejyon an
- [INVEST ICON] Distribye finansman federal pou pwojè konstriksyon ki sipòte vizyon atravè Pwogram Amelyorasyon Transpò a
- [STUDY & ANALYZE ICON] Reyalize planifikasyon transpò miltimodal la nan yon nivo rejyonal nan Pwogram Travay Planifikasyon Inifye a.
Ki kalite pwojè ak pwogram TIP a finanse?
Pwogram Envestisman MPO rejyon Boston nan orante priz desizyon MPO a epi ede minisipalite yo konprann priyorite MPO yo.
- Finisyon ri yo: Twotwa kontini, pis siklis, vwa ki fèt pou bis
- Amelyorasyon Entèseksyon yo: Siyal modènize, pasaj pyeton pi kout
- Koneksyon Rezo Bisiklèt ak Pyeton: Vwa ki gen izaj pataje, enstalasyon pou bisiklèt
- Koneksyon Kominotè: Koneksyon premye ak dènye kilomèt, oryantasyon
- Modènizasyon sikilasyon: Amelyorasyon estasyon transpò, rezistans klimatik
- Gwo Enfrastrikti: Nouvo vwa sikilasyon, pwojè Finisyon Ri nan gran echèl
Ou ka dekouvri plis sou pwojè ki finanse nan TIP a nan Baz done pwojè TIP entèraktif MPO a.
Kijan MPO a devlope TIP a?
Pou yon pwojè kalifye pou yo mete l nan TIP a, li dwe apwouve pa Komite Revizyon Pwojè MassDOT la. Enfòmasyon sou pwosesis ki disponib sou sitwèb lansman pwojè MassDOT la.
- Oktòb ak novanm
- Anplwaye MPO yo kontakte minisipalite yo pou konfime reprezantan minisipal yo (yo rele tou Kontak TIP yo) k’ap bay minisipalite yo enfòmasyon sou fason pou chèche finansman pou pwojè, ak pou pase enfòmasyon pandan pwosesis TIP a.
- Anplwaye MPO yo reyini kontribisyon ki soti nan kontra TIP yo sou nouvo pwojè ak pwojè yo konsidere pou finansman, yo rekonèt kòm Inivè Pwojè.
- Anplwaye MPO a angaje piblik la pou reyini kontribisyon sou pwojè yo pwopoze yo.
- Desanm
- Minisipalite yo soumèt enfòmasyon pwojè pou evalyasyon pwojè MPO yo
- Janvye ak fevriye
- Anplwaye MOP yo fini epi pibliye evalyasyon pwojè inisyal yo, epi kontinye rekeyi kontribisyon piblik sou pwojè yo pwopoze yo.
- Minisipalite yo soumèt kòmantè sou evalyasyon pwojè anplwaye yo.
- Anplwaye MPO yo prezante kòmantè sou evalyasyon inisyal yo epi yo mete rezilta yo ajou selon kòmantè minisipal yo.
- Mas
- Konsèy MPO a diskite estati mizajou pwojè TIP yo pwograme nan ane anvan yo pou sè si yo ajou oswa si gen chanjman ki dwe fèt nan pwogramasyon pwojè yo.
- Konsèy MPO a diskkite sou rekòmandasyon anplwaye yo pou nouvo pwojè ki pwograme yo epi chwazi yon lis pwojè pou finanse.
- Avril
- Konsèy MPO a vote pou pibliye bouyon TIP a pou peryòd kòmantè piblik 21 jou a.
- Me
- Anplwaye MPO yo fè sansibilizasyon pou tande kòmante piblik la sou TIP a.
- Konsèy MPO a apwouve TIP final la nan fen peryòd kòmantè piblik la apre revizyon ak konsiderasyon tout kòmantè.
- Jwen, jiyè, out ak septanm
- Anplwaye MOP a kolekte kòmantè sou pwosesis TIP a epi fè pwojeksyon pou prepare pou pwochen sik finansman an.
Kijan mwen ka enplike?
Defann pwojè MPO yo nan kominote w la oswa nan rejyon an lè:
- Ou soumèt yon kòmantè: Pibliye yon kòmantè nan fòm kòmantè a sou sitwèb MPO a.
- Patisipe nan rankont MPO a: Obsèove MPO a an aksyon epi eksprime pwendvi ou nan rankont konsèy ak komite MPO yo. Jwenn avi rankont yo sou Kalandriye rankont MPO.
- Pou rete enfòme: Enskri nan lis imel MPO, a epi swiv nou sou Twitter, Instagram, Facebook, YouTube, ak LinkedIn at @BostonRegionMPO.
- Pale ak anplwaye yo: Anplwaye MPO yo patisipe regilyèman nan evènman sansibilizasyon yo. Chèche @BostonRegionMPO sou Twitter ak Instabram, epi vizite kalandriye rankont MPO a pou jwenn yon aktivite ki bon pou ou.
- Envite nou: Kontakte Kate White, Kowòdinatè Sansibilizasyon Piblik nan kwhite@ctps.org oswa 857-702-3658, si ou ta renmen pèsonèl MPO a vizite oswa patisipe nan rankont ou pou diskite sou pwoblèm transpò ki enpòtan pou ou.
- Rejwenn Konsèy Konsiltatif nou an: Konsèy Konsiltatif Transpò Rejyonal la (Regional Transportation Advisory Council), yon manm ki ka vote nan MPO a, se yon kò endepandan ki pote pwendvi piblik ak konsèy sou politik ak planifikasyon transpò bay MPO a. Kontakte Matt Archer, Planifikatè Transpò, nan marcher@ctps.org oswa 857-702-3708, pou aprann plis sou kijan pou vin yon manm.
Matt Genova
Manadjè Pwogram Amelyorasyon Transpò
mgenova@ctps.org
857-702-3702
Byenveni.
Nou envite ou patisipe nan pwosesis planifikasyon transpò nou an, kèlkeswa ras, koulè, orijin nasyonal (ki enkli moun
ki gen nivo metriz anglè ki limite) relijyon, kredo, sèks, zansèt, gwoup etnik, enfimite, laj, sèks, oryantasyon seksyèl,
idantite sèks oswa ekpresyon, estati ansyen militan oswa antesedan. Li avi dwa ak pwoteksyon konplè nou yo sou
www. bostonmpo.org/mpo_non_discrimination.
Pou mande akomodasyon espesyal, oswa si ou bezen enfòmasyon sa yo nan yon lòt lang, kontakte MPO nan
857.702.3700 (voice), 617.570.9193 (TTY) oswa civilrights@ctps.org (tanpri akòde 14 jou).
Español (Spanish)
Si necesita esta información en otro idioma, por favor contacte la Boston Region MPO al 857.702.3700.
简体中文 (Simplified Chinese)
如果需要使用其它语言了解信息,请联系波士顿大都会规划组织 (Boston Region MPO) 《民权法案》第六章专员,电话 857.702.3700.
繁體中文 (Traditional Chinese)
如果需要使用其他語言瞭解資訊,請聯繫波士顿大都會規劃組織(Boston Region MPO)《民權法案》第六章專員,電話 857.702.3700.
Kreyòl Ayisyen (Haitian Creole)
Si yon moun vle genyen enfòmasyon sa yo nan yon lòt lang, tanpri kontakte Espesyalis Boston Region MPO Title VI la nan nimewo 857.702.3700.
Português (Portuguese)
Caso estas informações sejam necessárias em outro idioma, por favor, contate o MPO da Região de Boston pelo telefone 857.702.3700.