REZIME EGZEKITIF:
Yon Lavni Pi An Sekirite pou Zòn Boston an
Jen 2025
Chak jou, gen anpil vwayaj ki kòmanse epi ki fini nan tout zòn Boston an. Men, dèyè deplasman chak jou sa yo, gen yon danje ki kache: aksidan trafik ki lakoz blesi grav oswa lanmò. Plan Aksyon Vizyon Zewo pou Zòn Boston an se demach estratejik Òganizasyon Planifikasyon Metwopolitèn Zòn Boston an (MPO) pou chanje reyalite sa a. Objektif li se rive jwenn yon gwo rezilta, men ki posib: ZEWO LANMÒ AK BLESI GRAV NAN TRAFIK ANVAN ANE 2050. Angajman sa a gen rapò ak konsepsyon yon sistèm transpò ki pwoteje tout moun, rekonèt erè moun fè toujou rive, e nou bezwen mete plizyè kouch sekirite pou anpeche move konsekans ki pi grav yo.
Pwoblèm N ap Fè Fas:
Pwoblèm Sekirite Wout yo
Chif yo klè: soti 2018 rive 2022, gen prèske 1,000 moun chak ane nan Zòn Boston an ki pèdi lavi yo oswa blese grav nan aksidan trafik. Malgre aksidan grav sa yo pa pi gwo kantite a nan tout ensidan trafik, yo kontribye anpil lanmò moun ak defisi nan ekonomi an—ki monte nan plizyè milya dola chak ane. Analiz nou montre aksidan grav sa yo pa fèt pa aza. Yo plis rive nan kèk zòn espesifik epi yo gen sikonstans patikilye:
- KOTE AKSIDAN YO RIVE: Yon gwo kantite lanmò ak blesi grav fèt sou gwo wout yo kote machin yo ap kouri ak gwo vitès pami pyeton yo, moun ki sou bisiklèt oswa k ap sikile. Anpil aksidan fèt sou wout ki anba kontwòl minisipalite yo, sa mete aksan sou enpòtans aksyon lokal yo.
- Kijan aksidan yo RIVE: Prèske 40 pousan aksidan ki lakoz lanmò oswa blesi grav fèt ak yon sèl machin, e 35 pousan ladan yo gen pyeton ki enplike. Aksidan ki rive lannuit gen plis chans pou lakoz lanmò oswa blesi grav, e yo souvan gen rapò ak kondwi sou enfliyans alkòl oswa eksè vitès.
- ZÒN KLE POU NOU METE AKSAN SOU YO: Analiz detaye nou te fè montre kèk zòn espesifik kote aksidan yo swa rive pi souvan, swa ap ogmante rapidman nan Zòn Boston an. Zòn sa yo enkli aksidan ki fèt nan entèseksyon, aksidan kote itilizatè wout ki pi vilnerab yo enplike (pyeton, moun k ap monte bisiklèt ak moun k ap itilize aparèy pou deplase), aksidan kote yon machin sòti nan liy li, aksidan kote chofè oswa itilizatè wout granmoun aje enplike, ensidan ki gen rapò ak vitès, aksidan ki gen gwo machin enplike. Se nan zòn sa yo efò kolektif nou ka fè plis diferans.
Pou idantifye zòn pwoblèm sa yo, nou devlope de zouti pisan: Rezo Aksidan Grav (HIN) ak Rezo Gwo Risk (HRN). HIN nan idantifye “pwen cho” kote aksidan grav te deja rive, sa ede nou konprann modèl aksidan yo nan tan pase yo. HRN nan idantifye davans kote ki gen karakteristik ki ka lakoz aksidan grav nan lavni, menm si okenn aksidan grav poko fèt la. Rezo sa yo, ou ka jwenn yo sou yon kat entèraktif sou entènèt la (gade bostonmpo.org/visionzero), e yo bay kominote yo mwayen pou yo konprann pwoblèm sekirite lokal yo, epi mete efò yo kote ki pi nesesè.
Yon vwa kolektif:
Apwòch Patisipasyon Nou ak Prensipal Dekouvèt yo
Pou mete sou pye yon plan ki gen yon anplitid konsa, li enpòtan pou n tande vwa moun ki plis afekte yo. Nou te devlope yon estrateji patisipasyon pou ranmase opinyon divès moun nan tout Zòn Boston an. Pa mwayen Gwoup Travay Vision Zero, sondaj piblik, gwoup diskisyon, tablewonn minisipal ak yon sitwèb ki dedye pou pwojè a — nou te tande plizyè santèn rezidan, anplwaye minisipal, ajan lapolis, pwofesyonèl sante piblik, defansè dwa ak lidè kominotè.
Reyaksyon yo te klè e koyeran:
- KONFYANS SOU WOUT YO: Yon enkyetid prensipal se manke konfyans ant itilizatè wout yo. Pyeton yo pè pou si chofè yo pa kanpe, chofè yo enkyete yo pou moun k ap kondwi sou enfliyans alkòl oswa ki distrè, epi moun k ap monte bisiklèt yo pè paske yo panse yo pa gen ase espas.
- KONSEPSYON WOUT yo ENPÒTAN: Moun yo fè konnen konsepsyon aktyèl wout yo souvan pèmèt machin yo woule twò vit. Sa lakoz moun yo pa santi yo an ensekirite. Lè itilizatè vilnerab yo pa santi yo alèz pou yo mache, sikile oswa monte bisiklèt, yo pi fasil pou yo deplase sou machin. Enkyetid estriktirèl yo gen ladan twotwa ki manke oswa ki pa bon, pasaj pyeton ak koulwa bisiklèt, ansanm ak move vizibilite ki nan entèseksyon yo.
- absans politik AK FINANSMAN: Malgre gen plizyè politik sekirite avanse ki egziste deja, patnè yo mete aksan sou nesesite pou gen chanjman lejislatif, tankou otorizasyon pou mete sistèm otomatik pou pini moun ki pa respekte limyè wouj oswa k ap woule twò vit. Youn nan defi ki pi enpòtan toujou, anplwaye minisipal yo souliye difikilte ki genyen se manke finansman lajan ak fleksiblite pou mete ann aplikasyon amelyorasyon sekirite ki pwofon yo.
YON CHEMEN POU AVANSE:
Travay Ansanm pou Vizyon Zewo
Reyalize objektif Vizyon Zewo nou an pou 2050 mande pou tout moun ki enplike nan sekirite transpò mete tèt yo ansanm e kontinye travay san lage. Òganizasyon Planifikasyon Metwopolitèn Zòn Boston an (MPO) pral jwe premye wòl nan aplikasyon plan sa a, epi nou envite tout minisipalite, patnè leta, òganizasyon kominotè ak tout moun nan sosyete a pou vin patisipe avèk nou.
Wòl MPO a gen ladan:
- KOWÒDONE : Ankouraje kolaborasyon atravè echanj ant kòlèg, gwoup travay ak kominikasyon dirèk pou asire tout moun ap avanse nan menm direksyon an.
- PLANIFYE: Entegre prensip Sistèm Sekirite a nan tout planifikasyon k ap fèt pou lavni epi sipòte inisyativ ki santre sou sekirite tankou Safe Routes to School ak Complete Streets.
- FINANS: Bay priyorite ak envestisman sekirite nan zòn HIN ak HRN te idantifye yo ak sa ki ann akò ak Apwòch Sistèm Sekirite a.
- EDIKE: Sansiblize piblik la atravè kanpay ki vize pwoblèm kritik tankou vitès, sòti nan liy ak sekirite itilizatè wout vilnerab yo.
- EVALYE: Suiv epi rapòte pwogrè sekirite rejyonal chak ane, pandan y ap itilize endikatè pèfòmans pou ranfòse estrateji ki mache byen, epi adapte yo si sa nesesè.
- DEFANN: Sipòte politik ak lejislasyon nan tout nivo gouvènman ki amelyore sekirite sou wout yo, tankou otorize itilizasyon aplikasyon otomatik.
Wòl Minisipalite yo ak Patnè Leta yo gen ladan:
- METE ANN APLIKASYON MEZI SEKIRITE KI PWOUVE: Sèvi ak done ak direktiv MPO a pou bay chanjman nan konsepsyon lari yo priyorite (tankou mezi pou ralanti vitès ak amelyorasyon pasaj pyeton), epi mete ann aplikasyon bon pratik pou adrese zòn kote aksidan yo rive pi souvan (Entèseksyon, Sòti nan Liy, Itilizatè Wout Vilnerab, Chofè Aje, Eksè Vitès ak Gwo Machin).
- ADOPTE POLITIK KLE: Mete limit vitès ki pi ba nan zòn ki gen anpil moun ak zòn lekòl. Adopte politik “flòt sekirite” ki egzije teknoloji sekirite ak fòmasyon pou chofè nan flòt machin minisipal yo.
- SÈVI AK OPÒTINITE FINANSMAN: Chèche aktivman tout pwogram finansman ki disponib, tankou Safe Routes to School, Complete Streets ak Shared Streets and Spaces, MassDOT ofri, ansanm ak sibvansyon federal yo.
- KONTINYE ak ANGAJMAN e KOLABORASYON: Mete kanpe gwoup travay lokal pou Vizyon Zewo, angaje piblik la epi kowòdone ak kominote vwazen yo ak ajans leta yo pou asire yon apwòch komen pou sekirite.
Plan Aksyon sa a plis pase yon dokiman: li se yon angajman pou yon lavni kote pèsonn pa pèdi lavi yo, ni blese grav sou wout nou yo. Se yon apèl pou tout kominote, tout pwopriyetè wout ak chak rezidan mete men ansanm pou konstwi yon sistèm transpò ki vrèman an sekirite pou Zòn Boston an. Ann fè Vizyon Zewo a vin yon reyalite.