Rezime Egzekitif

ES.1    Entwodiksyon

Objektif prensipal Plan Sèvis Transpò Imen pou Transpò an Komen (Plan Kowòdone) a se pou amelyore kowòdinasyon ant ajans transpò an komen yo ak lòt founisè transpò yo pou reponn a bezwen transpò granmoun ak moun andikape yo pi byen. Plan Kowòdone a reyalize sa lè li idantifye bezwen popilasyon sa yo epi fikse priyorite rejyonal pou envestisman nan transpò ak inisyativ pou sèvis imen ak kowòdinasyon transpò an komen an. Anplis, Plan Kowòdone a oryante òganizasyon nan rejyon an nan devlopman aplikasyon pou pwogram Seksyon 5310, Administrasyon Federal Transpò an Komen an (FTA: Federal Transit Administration), ki se Pwogram pou Mobilite Amelyore Granmoun ak Moun Andikape yo.

 

Nan rejyon Boston nan, plan sa defini sa ki vini apre yo:

Sou rekòmandasyon FTA, yo mete Plan Kowòdone Òganizasyon Planifikasyon Rejyon Metwopolitèn (MPO: Metropolitan Planning Organization) nan ajou chak kat ane nan kowòdinasyon ak Plan Transpò Alontèm nan (LRTP: Long-Range Transportation Plan). Plan Kowòdone rejyon Boston ajou a ranplase Plan Kowòdone 2015MPO a e li ta dwe rele Pwogram Sibvansyon Transpò an Komen Kominotè apati sik aplikasyon ane fiskal 2021 eta a.

 

ES.2    Sèvis Transpò an Komen ki La Deja

Chapit 2 a dokimante sèvis tanspò ki egziste deja nan rejyon Boston. Divès founisè piblik, òganizasyon ki pa pou pwofi, ak founisè prive k ap dirije sèvis transpò an komen nan rejyon an.

 

Founisè transpò an komen rejyon an ki desèvi  vil MPO rejyon Boston yo, ki genyen ladan yo founisè sa yo:

 

Anplis MBTA ak RTA yo, gen plizyè Asosyasyon Jesyon Transpò (TMA: Transportation Management Associations) k ap fonksyone nan rejyon an. Yon TMA se yon kowalisyon biznis ki baze sou manm, inivèsite ak lòt enstitisyon ak minisipalite ki kolabore pou bay solisyon transpò pou pasaje yo. Genyen 10 TMA nan rejyon Boston nan. TMA yo bay transpò pou anplwaye ki manm TMA a e kèk fwa, pou piblik la.

 

Sou plan lokal, anpil minisipalite ofri sèvis transpò pou granmoun yo ak / oswa moun ki andikape. Konsèy sou Vyeyès (COA: Council on Aging) bay sèvis sipò ki ka genyen ladan l transpò pou granmoun, pou fanmi ak moun k ap bay swen.  Kèk minisipalite ofri transpò lokal tou pou tout rezidan yo, tankou bis Lexpress Lexington.

 

Kèk òganizasyon ki pa pou pwofi ak enstitisyon prive lokal yo dirije sèvis transpò an komen nan rejyon an pou anplwaye, pasyan, ak elèv ant divès kanpis ak katye nan vwazinaj yo. Yo bay sèvis transpò lokal ki pi piti tou pou granmoun oswa moun ki andikape yo. Konpayi prive abi likratif pou swen granmoun ak konpayi taksi toupatou nan rejyon an ka bay transpò tou.

 

Anplis, plizyè founisè transpò long distans fonksyone nan rejyon an. Konpayi ki pa pou pwofi yo ofri sèvis oubyen bato pou transpò long distans ak touris. Pandan tan sa, Amtrak, yon antrepriz prèske piblik, bay sèvis tren nan rejyon Boston nan.

 

Finalman, plizyè pwogram chofè volontè ap fonksyone nan rejyon Boston ki bay transpò pou granmoun ak moun ki andikape yo. Sa yo fonksyone nan minisipalite ki presize yo, ki limite a granmoun ak moun andikape yo, e ki ka bay sèlman kèk kalite deplasman.

 

ES.3    Analiz Demografik

Chapit 3 a bay done demografik sou granmoun ak moun andikape nan rejyon an ansanm ak pwojeksyon demografik pou popilasyon granmoun yo pou 2040. Devlope yon konpreyansyon sou done demografik kounye a ak sa k ap chanje yo sou popilasyon sa yo ki bay enfòmasyon enpòtan pou pèsonèl la pran angajman piplik pou idantifye bezwen transpò ki pa satisfè yo nan tout rejyon an.

 

Nan rejyon Boston nan, 13.4 pousan popilasyon an tonbe nan definisyon FTA pou yon granmoun (moun ki genyen 65 an oswa plis). Apati lane 2010, Boxborough genyen pi piti kantite granmoun, ak 421 moun, alòske Boston genyen plis, avèk 62,237 moun.

 

Nan rejyon Boston nan, yo te repòte 459,866 moun, oubyen 10.4 pousan popilasyon an, genyen yon enfimite nan Ankèt Kominote Ameriken 2013-17 la.1 Boxborough genyen pòsyon moun ki gen enfimite ki pi ba nan rejyon Boston nan, avèk 5 pousan, alòske Holbrook genyen pòsyon ki pi elve a, avèk 16.7 pousan.

 

Granmoun nan rejyon Boston yo gen plis chans pase rès popilasyon an pou genyen yon enfimite. Apeprè yon tyè granmoun yo genyen yon enfimite, pa rapò ak 7.6 pousan moun ant laj 18 ak 64 an ak 3.9 pousan moun ki pi jèn pase laj 18 tan ki genyen yon enfimite, byenke genyen plis moun nan tranch 18 ak 64 an an ki genyen yon enfimite.

 

Pwojekyson demografik yo montre ke yo prevwa pou pòsyon popilasyon 75 an oubyen ki pi gran yo ogmante ant 2010 ak 2040.2 Imaj ES-1 la montre detay aktyèl ak previzyon pou tranch laj popilasyon k ap viv nan fanmi yo an 2010 ak 2040.3

 

Imaj ES-1

Pwojeksyon Popilasyon pa Tranch Laj, 2010 ak 2040

 

 

Sous: Done ki soti nan Enstiti Donahue Inivèsite Massachusetts ak Konsèy Planifikasyon Zòn Metwopolitèn nan.

 

Yo pa t devlope pwojeksyon demografik pou moun ki andikape yo. Men, apeprè yon tyè granmoun yo genyen yon enfimite. Avèk yon previzyon ogmantasyon nan pòsyon popilasyon nan tranch laj sa, pòsyon popilasyon ki andikape a ka ogmante tou. Done sa yo sijere ke MPO ak lòt ajans planifikasyon transpò ak founisè yo ap bezwen planifye deplizanpli pou bezwen transpò granmoun ak moun ki andikape yo pandan y ap prepare pou yon ogmantasyon pòsyon popilasyon rejyon an.

 

ES.4    Idantifikasyon Bezwen Transpò ki pa Satisfè yo, Estrateji pou Reponn a Yo, ak Priyorite pou Mete Anplas yo

Chapit 4 la dekri konsyantizasyon piblik ki fèt ak rezilta kle ki mennen nan definisyon bezwen ki pa satisfè yo, estrateji, ak priyorite pou amelyorasyon mobilite pou granmoun ak moun ki andikape yo nan rejyon Boston.

 

ES.4.1 Pwojè ak Egzijans Kalifikasyon pou Benefisyè yo

FTA a divize kalite projè ki kalifye yo an pwojè kapital tradisyonèl ak pwojè ki pa tradisyonèl, alòske benefisyè ki kalifye yo divize an benefisyè ak sou-benefisyè dirèk.

 

FTA a defini pwojè kapital tradisyonèl yo kòm sa ki planifye, fèt epi reyalize pou reponn a bezwen transpò espesyal pou granmoun ak moun ki andikape yo lè transpò an komen an pa sifi, pa apwopriye oubyen pa disponib. Pwojè ki pa tradisyonèl yo defini kòm sila ki depase sèvis transpò Lwa sou Ameriken ki gen Enfimente (ADA: Americans with Disabilities Act ), amelyore aksè pou sèvis wout fiks epi diminye depandans moun ki andikape yo sou sèvis adapte konplemantè ADA a, oubyen bay lòt chwa pou transpò piblik ki ede granmoun ak moun ki andikape yo nan transpò. Règleman FTA yo presize tou kijan finansman an ta dwe repati ant kalite pwojè sa yo—omwen 55 pousan nan fon pwogram nan dwe itilize pou pwojè tradisyonèl yo epi rès 45 pousan an ka itilize pou pwojè ki pa tradisyonèl yo.

 

Benefisyè dirèk pwogram finansman Seksyon 5310 yo dwe se otorite eta oubyen gouvènman lokal yo, alòske òganizasyon ki pa pou pwofi ak lòt enstitisyon k ap gouvène sèvis transpò an komen yo ka sou-benefisyè.

 

ES.4.2 Idantififye Bezwen yo: Finansman ki Soti nan Angajman Piblik

Pèsonèl MPO a te fè sansibilizasyon atravè aktivite prezans ak ankèt anliy ak ofisyèl minisipal yo, founisè transpò an komen yo, ajans sèvis imen yo, ak manm piblik la pou kòmantè sou bezwen transpò ki pa satisfè pou granmoun ak moun ki andikape yo.

 

Baze sou 914 kòmante nou te resevwa, pèsonèl MPO a te divize done yo an domèn sa yo:

 

Imaj ES-2 ki anba a montre konpozisyon kòmantè yo (ki lye swa ak bezwen oubyen estrateji ak aksyon yo) pa domèn.

 

Imaj ES-2

Pòsyon Kòmantè yo pa Domèn

 

 

Sous: MPO Rejyon Boston.

 

Tablo ES-1 an fè rezime bezwen transpò ki pa satisfè yo ak estrateji ak aksyon ki posib pou reponn a bezwen sa yo, jan yo idantifye nan angajman piblik la.

 

Tablo ES-1
Rezime Bezwen Transpò ki pa Satisfè pou Granmoun ak Moun ki Gen Enfimite ak Estrateji ak Aksyon ki Posib pou Reponn a Bezwen sa yo

 

Domèn

Deskripsyon Domèn

Bezwen Transpò ki pa Satisfè

Estrateji ak Aksyon Posib

Nouvèl Teknoloji

Kontribisyon ki lye ak teknoloji k ap chanje, oubyen ki ka chanje, fason moun gen aksè epi itilize transpò (tankou aplikasyon telefòn selil, machin otomatize ak TNC yo)

  • Èd pou navige nan aplikasyon transpò yo
  • Pa gen aksè a yon smartphone donk pa gen kapasite pou gen aksè a aplikasyon ki pèmèt yo itilize TNC yo
  • Kontinye kolaborasyon piblik-prive yo pou bay plis sèvis fyab epi bon mache, tankou TNC yo
  • Itilize teknoloji pou bay konsomatè yo pi bon aksè ak enfòmasyon nan tan reyèl tankou nan aplikasyon oswa nan arè sikilasyon yo
  • Bay sèvis transpò sou demand ki pa bezwen smartphone

Sèvis Kliyan

Kontribisyon ki lye ak sèvis kliyan operatè transpò yo bay, ki genyen ladan yo konpòtman chofè ak kominikasyon ak pasaje yo

  • Sansiblite chofè yo a bezwen granmoun ak moun ki andikape yo
  • Enfòmasyon sou opsyon transpò ki disponib yo
  • Anons sèvis transpò an komen nan estasyon ak sou machin yo nan lang ki pa Anglè
  • Pi bon sèvis kliyan de operatè TNC yo
  • Siyalizasyon ki pi fasil pou moun ki pa wè byen yo li, ak anons odyo ki pi fasil pou tande
  • Bay fòmasyon pou chofè veyikil yo pou ede yo vin pi byen enfòme de fason pou ede granmoun ak moun ki andikape yo itilize transpò piblik
  • Bay yon sèl pwen kontak pou rele pou jwenn enfòmasyon sou sèvis sikilasyon ki disponib yo.
  • Devlope sèvis volontè pou ede pasyon ki prale nan randevou medikal yo

Tandans demografik

Done ki lye ak tandans demografik ki ka afekte sèvis transpò a alavni

  • Popilasyon k ap vyeyi
  • Ogmante kantite travayè ki pi aje yo
  • Yon popilasyon k ap vyeyi ki anpil, vle di gen yon bezwen pou plis opsyon transpò an komen pou sèvi bezwen popilasyon sa
  • Moun ap travay pi ta; transpò piblik la dwe akomode tandans sa

Edikasyon

Done ki lye ak opòtinite edikatf ak fòmasyon sou fason pou itilize transpò piblik

  • Opòtinite pou ede granmoun ak moun ki andikape yo aprann itilize wout transpò an komen ki fiks
  • Èd pou itilize aplikasyn smartphone ak lòt zouti ki baze sou entènèt
  • Bay fòmasyon pou chofè granmoun k ap renonse a machin yo pou ede yo fè tranzisyon pou itilize transpò piblik
  • Bay fòmasyon deplasman pou granmoun ak moun ki andikape yo pou anseyo yo sou ki sèvis transpò ki disponib e kijan pou yo itilize yo, ki genyen ladan l fòmasyon pou itilize aplikasyon smartpone pou jwenn aksè ak sèvis sa yo.
  • Reyose pwofil sèvis transpò ki disponib pou granmoun ak moun ki andikape yo atravè piblisite ki inovan

Amelyorasyon Enfrastrikti

Done ki lye ak mentnans nouvo enfrastrikti transpò oubyen sa ki la deja yo

  • Ki aksesib nan enfrastrikti sou wout yo, espesyalman twotwa ak kafou yo
  • Komodite nan arè bis ak estasyon transpò piblik yo, tankou limyè, ban, oubyen abri ansanm  ak enfrastrikti pou aksesiblite tankou ranp
  • Lakin nan twotwa ak rezo wout bisiklèt yo, espesyalman pou ale nan arè transpò an komen yo epi pou rive ladan yo
  • Mentnans enfrastrikti pyeton ki la deja yo, ki genyen ladan yo risk pou trebiche sou twotwa yo, ranp ki aksesib pou ADA yo, twotwa ki gen nèj nan sezon ivè (espesyalman toupre arè bis yo), ak twotwa ki delave yo
  • Amelyore aksè ak konfò nan estasyon transpò an komen ki gen karakteristik tankou platfòm wo nivo, asansè, eskalye, ban, ak abri pou arè bis yo
  • Asire ke twotwa ak kafou ki mennen nan arè bis yo sekirize epi konfòm ak ADA
  • Retire nèj sou twotwa yo ak nan arè bis yo.
  • Bay siyalalizasyon ak mwayen pou twouve wout ki pi klè
  • Konstwi wout ki konekte arè transpò an komen yo ak estasyon yo
  • Konekte rezo twotwa ki pa konplè yo, epi ranje twotwa ki bezwen repare yo pou yo konfòm ak ADA
  • Konstui vwa ki rezève pou bus yo

Kowòdinasyon ant ajans

Done ki lye ak kowòdinasyon ant founisè sèvis transpò yo

  • Kowòdinasyon sèvis transpò piblik ant minisipalite yo, kòm fwontyè minisipal yo limite kapasite kèk moun pou gen aksè nan destinasyon nan lòt vil, espesyalman ki pa nan Boston.
  • Kowòdinasyon sèvis transpò piblik ak pwogramasyon ant founisè transpò piblik yo, espesyalman ant RTA yo ak pou kominote sa yo ki nan ang divès RTA
  • Tan deplasman ki pi kout
  • Amelyore kowòdinasyon ant RTA ak lòt founisè transpò piblik ki prevwa pou diminye tan deplasman yo epi amelyore konektivite jeneral ant zòn sèvis yo
  • Founisè transpò an komen yo ta ka pataje aktif  yo pou amelyore rantabilite a, tankou venn avèk sistèm deplasman
  • Devlope kolaborasyon ant minisipalite yo pou òganize transpò pou granmoun ak / oswa vwayaj transpò adapte ki reponn a bezwen komen
  • Devlope kolaborasyon ant TNC ak COA yo
  • Founisè transpò an komen yo ta ka kowòdone ak etablisman medikal yo pou òganize randevou pasyon ki sou menm liy ak transpò piblik ki disponib yo
  • Devlope kowòdinasyon rejyonal ant COA yo pou itilize kapasite veyikil ki pa itilize yo epi ogmante efikasite a
  • Devlope plis pwen transfè efikas ant RTA yo
  • Amelyore kowòdinasyon rejyonal ant founisè sèvis adapte yo pou itilizatè yo ka deplase fasilman
  • Entegre pwogramasyon ant founisè trnspò piblik yo ak founisè transpò adapte yo pou moun yo ka jwenn aksè fasilman a opsyon transpò miltimodal, pri trajè entegre ak pwogramasyon dinamik

Amelyorasyon Sèvis Transpò

Done ki lye ak ekspansyon sèvis transpò piblik yo (ki genyen ladan yo nouvo wout transpò piblik, frekans ak lè operasyon yo)

  • Transpò ki pa medikal, tankou acha, travay ak aktivite sosyal
  • Sèvis transpò piblik ki depase seksyon iben Boston nan
  • Arè oubyen estasyon ki toupre etablisman tankou sant oubyen lojman pou granmoun
  • Sèvis nan minisipalite ki manke transpò piblik pou granmoun ak moun ki andikape yo
  • Koneksyon ant gwo pwen transpò yo, espesyalman nan fen semèn
  • Koneksyon premye ak dènye kilomèt ant estasyon transpò an komen yo ak destinasyon oubyen kay pasaje yo
  • Sèvis transpò an komen ki konekte minisipalite banlye yo (pa rapò ak sèvis andedan ak deyò Boston)
  • Travay nan transpò ki fyab pou moun ki andikape yo.
  • Lè operasyon ki pi long pou transpò granmoun yo le swa
  • Transpò an komen sou demand pou deplasman medikal ki dwe fèt an ijans yo
  • Aksè a etablisman medikal ki nan kominote toupre yo. Akoz sèvis transpò piblik nan tout fwontyè minisipal yo, li difisil pou gen aksè a etablisman medikal nan lòt vil yo
  • Pi bon fyabilite pou sèvis transpò an komen ak sèvis transpò adapte
  • Pi bon aliyman orè ant founisè transpò an komen yo
  • Pi plis frekans pou sèvis transpò an komen nan wout fiks yo, ki genyen ladan yo transpò pou granmoun, tren pou pasaje, ak sèvis bis, an patikilye pandan lè pik yo
  • Bay sèvis transpò an komen ki rezève ki mennen granmoun ak / oswa moun ki andikape yo ale epi retounen soti nan destinasyon ki pa medikal tankou sant travay ak acha
  • Bay sèvis transpò an komen dirèk ant sant granmoun yo ak sant medikal yo
  • Bay lè operasyon ki pi long pou transpò an komen pou ale epi retounen soti nan COA ak sant granmoun yo, espesyalman pandan sware semèn ak fen semèn yo
  • Bay sèvis bis pou ale epi retounen soti estasyon tren ak metro pasaje yo ki depase lè pwent le maten ak le swa yo
  • Bay sèvis transpò an komen pou deplasman medikal ke yo ka mande menm jou ak randevou medikal la
  • Bay transpò an komen pou premye ak dènye kilomèt ant gwo estasyon transpò an komen yo ak destinasyon final yo
  • Aliyen orè bis, metwo ak tren yo pou diminye tan deplasman yo
  • Bay transpò an komen ki konekte sant ak lojman granmoun yo ak estasyon tren yo
  • Ajoute plis arè bis nan lojman ak sant pou granmoun yo
  • Bay sèvis transpò an koman soti lès pou rive nan lwès ak nan minisipalite yo
  • Bay plis sèvis transpò an komen a lopital rejyon Boston yo ak lopital nan pwovens yo
  • Kontinye patenarya piblik prive yo pou bay transpò sou demand (tankou ak TNC yo) pou reponn a bezwen transpò nan menm jou a.
  • Bay sèvis bis pi souvan nan kominote andeyò yo

Amelyorasyon Veyikil yo

Done ki lye ak aksesibilite veyikil yo.

  • Plis veyikil tankou taksi, tren, bis, transpò adapte ak TNC, ki aksesib pou moun k ap itilize tout kalite aparèy èd pou mobilite
  • Distribye plis espas nan veyikil transpò an komen yo espesyalman pou granmoun ak moun andikape yo
  • Elabore veyikil transpò an komen yo pou granmoun ak moun ki andikape yo ka antre epi soti pi fasil ladan yo
  • Genyen veyikil ki pi fasil pou chèz woulant antre ladan yo nan flòt taksi ak TNC yo

 

ADA = Americans with Disabilities Act (Lwa sou Ameriken ki Gen Enfimite). COA = Council on Aging (Konsèy sou Vyeyisman). RTA = Regional transit authority (Otorite Rejyonal Transpò an Komen). TNC = Transportation network company (Konpayi rezo transpò).

ES.4.3 Priyorite pou Mete Anplas

Priyorite ki site anba yo ta ka ede amelyore kowòdinasyon ant sèvis transpò pou granmoun ak moun ki andikape yo nan yon fason ki rantab, padan y ap devlope opsyon pou granmoun ak moun ki andikape yo.

 

Akoz gwosè rejyon Boston ak kantite ak gwosè diferan ajans ki ofri sibvansyon ak asistans teknik, li t ap maladwa pou priyorize estrateji ak aksyon ki baze sou resous ki disponib yo.  Olye sa, Tablo ES-2 a bay yon lis kèk nan finansman eta ak federal ki disponib nan Depatman Transpò Massachusetts, MPO, ak PAPC (region’s regional planning agencies: ajans planifikasyon rejyonal rejyon an) ki ta ka soutni evantyèlman aplikasyon estrateji ak aksyon ki site nan Chapit 4 la, anplis pwogram Seksyon 5310 la.

 

Tablo ES-2

Resous Finansman Eta a

Ajans

Sous Finansman

Deskripsyon

Kalite Resous

MassDOT

Pwogram Sibvansyon Kominotè pou Transpò an Komen

Bay finansman pou kapital ak depans operasyon ak jesyon mobilite pou amelyore mobilite pou granmoun ak moun ki andikape yo. Li genyen ladan l pwogram finansman Seksyon 5310 FTA a.

Aplikasyon Pwojè

MPO Rejyon Boston

Pwogram Amelyorasyon Transpò

Bay finansman pou pwojè enfrastrikti transpò yo. Yon pòsyon finansman total ki disponib la rezève chak ane pou pwogram envestisman Koneksyon Kominotè, k ap kòmanse aksepte aplikasyon pou ane finansman pilòt la nan otòn 2019. Pwojè ki kalifye yo se:

  • Depans operasyon pou premye demaraj pou koneksyon premye e dènye kilomèt (ki ka sou fòm transpò an komen, koneksyon bisiklèt, oubyen pyeton)
  • Jesyon paking
  • Oryantasyon
  • Edikasyon

Aplikasyon Pwojè

MPO ak CTPS Rejyon Boston

Pwogram Kominotè Asistans Teknik Transpò

Bay ofisyèl minisipal yo konsèy teknik sou pwoblèm transpò lokal yo, ki genyen ladan yo, sekirite, aksè bisiklèt ak pyeton, paking, ak reyamenajman chose

Asistans teknik

MPO Rejyon Boston

Sipò Planifikasyon Teknik Sèvis Transpò an Komen Rejyonal

Bay RTA, TMA ak minisipalite yo èd pou abòde pwoblèm transpò an komen ki lye ak planifikasyon wout, achalandaj, rantabilite, ak lòt karakteristik yo.

Asistans teknik

MAPC

Etid Planifikasyn Trajè / Sou-Zòn

Bay asistans teknik pou abòde jesyon paking lokal ak planifikasyon miltimodal nan tout trajè a ak operasyon sèvis transpò an komen yo.

Asistans teknik

MAPC

Planifikasyon ak Kowòdinasyon nan Mod Altènatif

Bay sipò planifikasyon pou fè itilizasyon mòd ki pa SOV yo pwogrese, ki genyen ladan yo, èd nan zòn ki RTA yo mal desèvi kote genyen lakin nan rezo transpò an komen an

Asistans teknik

FTA = Federal Transit Administration (Administrasyon Federal Transpò an Komen). MAPC = Metropolitan Area Planning Council (Konsèy Planifikasyon Zòn Metwopolitèn) MassDOT = Massachusetts Department of Transportation (Depatman Transpò Massachusetts). MPO = Metropolitan Planning Organization (Òganizasyon Planifikasyon Metwopolitèn). TMA = transportation management association (Asosyasyon jesyon transpò). RTA = Regional transit authority (Otorite rejyonal transpò an komen). SOV = single-occupancy vehicle (veyikil ki pa gen yon sèl moun ladan l).

 

ES.5    Konklizyon

Plan Kowòdone a te pwodui ak done ki soti nan men founisè transpò an komen, sèvis imen ak lòt òganizasyon ki sèvi granmoun ak moun ki andikape yo, minisipalite, ak manm piblik la. Plan an dokimante sèvis transpò ki la deja yo nan rejyon Boston nan; dekri modèl ak previzyon demografik aktyèl rejyon an; epi idantifye bezwen transpò ki pa satisfè, estrateji pou reponn a bezwen sa yo, ak priyorite pou mete anplas yo.

 

An jeneral, pifò kòmantè ki soti nan angajman piblik la yo lye ak amelyorasyon sèvis transpò yo, epi amelyorasyon enfrastrikti transpò a vini apre. Byenke gen anpil opsyon transpò nan rejyon Boston nan, yon mank kowòdinasyon ant ajans yo kontinye yon baryè pou gen aksè ki amelyore nan destinasyon yo. Rapò a genyen ladan l kèk estrateji posib pou abòde bezwen sa yo ak priyorite mizanplas ki posib yo. Yo prevwa mete Plan Kowòdone rejyon Boston nan ajou ankò nan kat an nan kowòdinasyon ak pwochen mizajou LRTP planifye MPO a, dapre rekòmandasyon federal la.

 

 


 

1 Moun ki gen enfimite se moun ki idantifye tèt yo ke yo genyen youn oubyen plis nan enfimite fizik ak / oswa mantal sa yo: difikilte pou tande, difikilte pou wè, difikilte konyitif, difikilte mobil, difikilte pou pran swen tèt yo, oubyen difikilte pou viv nan fason endepandan.

2 Pwojeksyon demografik yo devlope pou LRTP yo idantifye granmoun yo kòm popilasyon 75 an oubyen ki pi gran.

3 Popilasyon k ap viv nan yon fanmi lejèman pi piti pase popilasyon total la. Kontaj popilasyon an genyen ladan l moun k ap viv an gwoup yo, alòske li pa genyen ladan l popilasyon k ap viv nan yon fanmi.